Springfield, Ohio – Casey Rollins ak Oganizasyon Sen Vensan de Pòl (SVDP) te jwenn yon pri rekonesans yè Jedi 16 Fevriye a pa “Nehemiah Foundation” pou efò ekstraòdinè yo ap fè nan kominote imigran ayisyen an. Rekonesans an te vini pandan evènman anyèl fondasyon an ki rele “Winter Spotlight” ki te fèt nan John Legend Theatre nan Springfield.

Casey, ki se yon manm aktif nan kominote Springfield lan pandan plizyè ane, fè yon enpak enpòtan nan lavi imigran ayisyen yo ki fè fas ak gwo baryè nan entegrasyon ak siksè yo Ozetazini. Travay li ak SVDP (Springfield) antanke Direktè Egzekitif la jwe yon wòl enpòtan nan bay kominote ayisyèn nan gwo resous ak sipò, tankou aksè a sèvis legal ak medikal, kou lang, ak konsiltasyon pou travay.

Pandan evènman an, Luckens Merzius, yon imigran ayisyen ke anpil moun konnen, te prezante Casey ak yon istwa konvenkan e emosyonèl sou pwòp traka li, lè li te premye rive Springfield. Luckens te mete aksan sou fason moun tankou Casey chanje epi sove lavi imigran ayisyen k ap vini Springfield pou chèche yon lavi miyò. Odyans lan te gen dlo nan je pandan Luckens t’ap pataje istwa li.

Ak dlo nan je e kè kontan, Casey te resevwa rekonesans lan epi envite lòt sitwayen Springfield yo pou ede lòt moun ki pa ka pale anglè nan kominote a. Li te mete aksan sou enpòtans pou konstwi pon ant kominote ayisyen an ak rès kominote a, kraze estereyotip yo epi ankouraje konpreyansyon ak akseptasyon.

Pandan konvèsasyon kout nou te genyen ak Casey, li te remèsye ekip SVDP a pou travay san pran souf yo nan bay bon jan èd posib nan kominote ayisyen an. Li te rekonèt defi y’ap fè fas ak travay di y’ap fè pou ede lòt moun. Li te tou mete aksan pou di ke rekonesans sa se pa pou li sèlman, men pou tout ekip la nan SVDP ki ap travay di pou fè yon enpak pozitif nan lavi imigran ayisyen yo nan Springfield.

Fondasyon Nehemiah nan Springfield toujou rekonèt ak sipòte moun ki fè yon enpak pozitif nan kominote a. Rekonesans Casey Rollins ak ekip SVDP ane sa a se yon temwayaj angajman yo genyen pou konstwi yon kominote ki pi jis, ekitab ak enklizif pou tout moun. Fondasyon an te rekonèt kèk lòt moun ak òganizasyon ki te fè enpak ekstraòdinè nan Springfield, mete aksan sou efò kolektif ki nesesè pou kreye chanjman pozitif nan kominote a.

Pandan n ap reflechi sou rekonesans Casey ak ekip SVDP a, se pou nou sonje enpòtans pou nou bon moun, gen konpasyon, moutre nou jenere nan entèraksyon nou ak lòt moun. Ann swiv egzanp Casey ak ekip SVDP a bay, ki dedye lavi yo pou sèvi lòt moun epi fè yon enpak ekstraòdinè nan kominote imigran ayisyen an. Ansanm, ann travay nan direksyon pou konstwi yon kominote ki pi enklizif pou tout moun.

Written by:

Leave a Comment

Your email address will not be published.

X